
We Respect Your Privacy. No Spam Ever.

Èske ou vle bati on biznis ki ka pwospere, ki ap vann pwodui moun vle achte e renmen?
An 2020, mwen kòmanse on Biznis anndan on ti apatman ki jerene plis pase $1 Milyon nan vant ane pase. Kounye a map envite w nan Miramar pou on jounen avèm, kote m pral pataje fòmil mwen te itilize pou m bati ak kontinye grandi Saveurs Lakay.
Evenman sa a se chans ou pou aprann bon fason an pou bati ak grandi on biznis kap vann pwodui oubyen sèvis kap jenere bon jan lajan.


Sa se pa menm fomason ou konn abitye ale yo, kote antreprene ap bat lestomak yo di yo milyonè. Sa se on evenman kote nou pral antre fon nan strateji ki pèmèt mwen pran pwodui Ayisyen epi fè yo jenere anpil profi.


With Cliff Dessables | Business Coach / Entrepreneur

With Karoll-Ann FANFAN | CEO , TAXFIT




Mwen pap pran anpil moun nan seminè sa a, sèlman 20 plas ki disponib, pou m ka rasire m tout moun byen aprann e konprann, pou tout moun ka gen chans poze kesyon. Pa pèdi chans ou pou vin aprann strateji solid ki ka chanje lavi w nan men moun ki fè li deja.